Fondasyon Sophett distribye kit ijenik ak alimantè nan lopital Inivèsite Leta Dayiti ak Sanatoryòm

2,256

03/27/2022

Pòtpwens_____(TRiboLAND) Plis pase 200 malad nan lopital Inivèsite Leta Dayiti ak nan Sanatoryòm ak resevwà samdi 26 mas 2022 la nan men responsab Fondasyon Sophett yo kit ijenik ak pwovizyon alimantè.

Daprè Frannson Joseph ki tap depoze nan non Sophett Foundasyon, yo arive asiste yè samdi a depase 200 malad ki te nan sitiyasyon sanitè grav e ak gro sakad ekonomik. Malad sa yo ke dirijan an idantifye kòm malad ki pi vilnerab, toujou frekante lopital yo e yo pa posede absoluman zewo ki te kapab fasilite yo egzekite menm yon pweskripsyon doktè ale wè pou lamanjay.

Pou fini, Mesye Joseph genyen grok è sere sou pèsistans ak kontinwite mouvman grèv manch long yon mwà sendikalis yo, ki tanmen anndan Lopital Inivèsite Leta Dayiti nan kapital la, ki riske mete malad vilnerab sa yo alagoni.

Comments are closed.