Atak sou Konvwa Lapolis nan Nijerya: Egzanp Defis Sekirite pou Eleksyon Primè APC yo nan Zamfara”

11/03/2026
Lagos, Nijerya_____(TRiboLAND) Senk ajan lapolis pran nan yon ambiskad epi jwen lanmò yo yè lendi swa sou wout Sokoto–Gusau, nan nòdwès peyi Nijerya. Machin lan ki t ap pote polisye nan direksyon Zamfara pou yon misyon ki gen rapò ak primè APC yo, te atake anba kout zam yon gwoup nèg ame. Otobis konsène a, te pou rezo transpò piblik la nan Eta Zamfara.
Abdullahi Faruk, pòtpawòl lapolis nan Sokoto, konfime atak la e li di ke yo voye kadav yo nan mòg lopital inivèsite Usmanu Danfodiyo. Misyon opèrasyonèl la te vize ranmase kandidati pou primè lejislatif yo nan zòn Zamfara Nò, nan minisipalite Kaura Namoda.
Dènye ensidan sa yo rive nan yon kontèks ensekirite ki kontinye ap vale teren nan nòdwès Nijerya, kote gwoup ame yo ap miltipliye plis zatrap, fè moun nan vilaj yo pè, epi kidnape moun pou yo mande ranson. Malgre operasyon lame ak lapolis ap fè, eta Zamfara, Sokoto, Katsina, Kaduna ak Kebbi toujou afekte e kontinye ap pran sakad.
Kidonk, pandan eleksyon yo pa two lwen, dènye atak sila mete aksan sou defi sekirite ki genyen nan deplasman ak aktivite politik, epi li soulve kesyon sou efikasite mezi pwoteksyon yo konsènan fason aktivite elektoral yo ka fèt.






