90 moun sispèk epi 3 moun mouri pami yo yon timoun, se bilan epidemi kolera a ki apèn parèt tèt li nan komin Tigwav.

1,508

11-28-2022

Tigwav,  Ayiti______(TRiboLAND) Direktè medikal lopital jeneral Notre Dame Tigwav la, Dr. Fred Jasmin, nan kad  yon entèvyou li akòde (TRiboLAND) jounen  lendi 28 novann nan, nan biwo li, anonse tout piblik la, soti dimanch 20 pou rive lendi 28 novanm 2022 a, genyen 90 moun ki sispèk nan atrape mikwòb epidemi kolera a epi genyen 3 ladan yo ki pèdi lavi yo pami yo, yon timoun.

Direktè medikal lopital la, Dr. Fred Jasmin, deklare 3 moun sa yo ki mouri a, se paske yo te fè twòp tan lakay yo san yo pat resevwa swen ka yo nesesite.

Teknisyen nan zafè sante a, fè konnen viktim kolera yo soti nan divès zòn atravè vil la ak seksyon riral yo.

Direktè medikal an chèf la, rapouswiv pou fè konnen, lopital la ap andire yon problèm efektif medsen nan sa ki genyen pou wè avèk reponn ak volim ka kolera kap rive jwen yo nan dènye jou sa yo.

Nan sans sa a, Dr. Fred mande entèvansyon otorite yo nan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon 

prese-prese, yon fason pou dote komin nan, yon sant tretman kolera, bayo doktè, enfimyè, medikaman ak bon jan materyèl pou ede yo fè fas ak flanbe kolera a.

Direktè medikal lopital jeneral Notre Dame Tigwav la Dr. Fred Jasmin ankouraje tout popilasyon an, pou yo respekte prensip dijyèn yo tankou: lave men yo, trete dlo yap bwè, asire yo tout sa yap mete nan bouch yo pwòp pou evite epidemi kolera a gaye kò li nan kominote tigwavyèn nan.

JOICY Arnold

Comments are closed.