Ayiti sou wout poul pa reprezante nan chanpyona Kontinantal Box la

2,326

John Jean Jacques

03/23/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) A kèlke èd tan ouvèti chanpyona kontinantal box la, ke Konfederasyon Amerikèn Box ap òganize nan peyi Lekwatè, Ayiti poko konnen sil anwo ak sil anba, pwiske plizyè manb nan delegasyon an poko ka jwenn viza pou mennen yo sou sòl ekwatoryen an.

Se yon sitiyasyon ki mete anpil dout nan kè Prezidan Federasyon Ayisyèn Box la, Pierre Eddy Daniel, sou patisipasyon Grenadyèz yo nan konpetisyon fwàpman gan an.

Reponsab numewo 1 Federasyon Ayisyèn Box la, Pierre Eddy Daniel, fè konnen ke pami 3 reprezatan Ayiti yo se sèlman Kathreen Sterling ki deja prezan nan peyi Lekwatè, tandiske lòt 2 yo, Blandina Salnave ak Saintelise Jean, se ensètitid total pwiske jiska prezan yo poko ka jwenn viza pou mennen yo Gusyaquil, vil kote chanpyona a pral dewoule a. Yon lòt bò, responsab la lonje dwat sou Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) ki te bay reta nan dosye sila a.

Nap sinyale ke lòt 2 boksèz yo, Blandina ak Saintelise ap pran direksyon Sendomeng jodi mèkredi 23 mas la, nan lide pou jwenn ti bout papye pou mennen yo nan vil Guayaquil. Yon sitiyasyon ki esplike nan ki pwen otorite yo pa reve dòmi asiste pitit lakay menm nan defann peyi a.

Comments are closed.