Disparisyon Jounalis Wilner Altidor: Nòt Senpati AJSO.

805

05-31-2023

Asosyasyon Jounalis Solidè Wanament (AJSO) koube li byen ba pou salye memwa jounalis, kontè Wilner Altidor, ki pati kite nou nan dat dimanch 21 me 2023, lopital Sakre Kè Milo.

Wilner Altidor (Nènè), se te yon jounalis double etik pwofesyonèl. Se te yon valè, yon kad, yon ikòn, ak yon pakèt lòt atribu ke anpil sitwayen ta renmen genyen. Nènè anjeneral, se te yon modèl pou tout jounalis ou travayè Laprès.

Lanmò Wilner Altidor kite anpil tristès nan mitan nou. Nap pran anpil tan pou nou genyen yon lòt moun konsa nan mitan nou.

AJSO ap voye senpati ak : fanmiy, zanmi, pwòch Wilner Altidor ki gen senti mare fas ak yon parèy disparisyon. Ke nanm defen an repoze nan lapè etènèl!

Asosyasyon an ap pwofite mande manb li yo, pou yo patisipe nan tout aktivite ki gen pou wè ak fineray potorik gason sa, kamarad Nènè.

Bon travèse Nènè!

Responsab Relasyon Piblik AJSO.                                                                            

Comments are closed.