New York: Kovid-19 la okazyone anpil konpatriyòt ayisyen mouri nan Spring Valley

0 358

Spring Valley, New York____(TRiboLAND) Pwopwiyetè Radyo Easy FM, Mesye Fritz Gerald Résignac etone e mete de men nan tèt anba konsta lanmò bwit sou kou plis pase yon ventènn konpatriyòt ayisyen ki mouri nan dènye jou sa yo nan Spring Valley, New York.

Pou anpil moun, se petèt depwavasyon kovid-19 la ki ta anjandre miltiplikasyon lanmò sa yo; pou Mesye Résignac, gen dout ke ka sa yo gen pou wè avèk pandemi kowonaviris la. Li konfime pa ekzanp, nan yon sèl fanmiy genyen apepwè yon manman e 2 frè ki mouri e sa fèt nan de ou twa jou.

Kominote ayisyènn kap viv nan Spring Valley, resevwa gwo fwap anba pichon kowonaviris la. Pou anpil moun ta genyen plis pase yon 300 mò kovid-19; gen lòt tou ki estime chif la wo se vre, men li pa tout sa. Kidonk, se yon seri chif ki pa ofisyèlman faktyèl.

Rele, kri arama, twoub, konfizyon ak yon enkyetid jeneralize ki bay enpwesyon pasaj “L’ange de la mort” nan tan farawon, se tout ansanm karateristik say o ke konpatriyòt ayisyen yo ap viv jounen jodi a nan Spring Valley. Konsa, yo reyalize se yon kominote ki tèt koupe ak “Vallée de la Mort”.

Leave A Reply