Malè pandye nan vil Pòdpè: si se pa yon maten se yon apwè midi

217

01/04/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Ta sanble otorite yo pa moun regle anyen pou yo. Yo chita sou rozèt yo, chita sou zorèy e yo gen 2 je ki pa itil yo absoluman anyen. Se kòmsi yo rete ap tan ki lè kabwèt la ap kraze pou yon ensidan grav rive e finalman pou yo di yo deplore sa e pi lavi kontinye.

Pou kèk moun ki avèt nan populasyon an, gwo zotobre sa yo se yon pakèt initil patripòch ki la sèlman pou ranpli kapital ekonomik yo; men ki pa bay oken valè ak jan moun ap viv. Se tankou yo konsidere tèt yo kòm moun kap viv nan yon lòt planèt.


Depi plizyè lane avyon pa sispan fè kous ansanm avèk pyeton sou pis aterisaj Pòdpè a; pou nou pa bliye machinn ak moto. Pou moun kap gade, yo mete 2 men nan tèt yo pou yo ap viv mirak sa. Pafwa, se gras ak vijilans moun kap viv nan antouraj chan aviasyon an ki lakoz poko genyen rèl kay makorèl nan Pòdpè.

Antouka, moun sou chan aviasyon nan vil Pòdpè ap viv ak gro laprèz lè yo ap obsève jan avion ak moun ap fè jwèt marèl pandan aterisaj soup is la, ki yon veritab kochma ak pil fatra ki pa sispan di bonjou manzè ak bònn ane.

Jehrbson PETIT

Comments are closed.