Otorite yo nan vil Sen Mak sezi yon kamyon gaz rakèt

1,137

09-07-2022

Sen Mak, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon entèvyu ke li bay laprès lokal la, chèf pakè Sen Mak la, deklare ke li detèmine pou li miltipliye operasyon kont vann gaz ilegal yo e mete anba kòd tout atoufè raketè tèt pa dwàt.

Se nan sans sa, jij Jacques Edouard nan konplisite avèk 2 lòt reprezantan ministè Komès ak Endistri, san konte polisye, yon gro pèkizisyon fèt nan yon ponp gazolin Union des Saints nan an zòn solèy leve vil Sen Mak la. Pandan desant dèlye a, yon kamyon chaje ra gagann ak gaz arive sezi nan aprèmidi madi 6 septanm 2022 a, daprè komisè gouvènman Sen Mak la, Moise Derestin.

Antouka, enfòmasyon yo fè eta yon poze sele ki fèt sou kamyon kontrebann nan ak propriyetè ponp gazolin, mesye Ralph Duclos kap reflechi dèyè baro.

Comments are closed.