Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun nan Peyi Dayiti, akize Gouvenman Aryel Henry

1,805

John Jean Jacques

Pòtopwens_____(TRiboLAND) RNDDH montre li trè asid anvè Gouvènman Ariel Henry a sou kesyon ensekirite plizyè tèt kap efondre peyi.

Rezo nasyonal k ap defann dwa moun nan peyi Dayiti (RNDDH), ki gen nan tèt li, Pierre Esperance, akize tout longè gouvènman ke premye minis defakto a Ariel Henry ap dirije depi aprè lanmò ansyen chèf leta Ayisyen an Jovenel Moïse, 7 jiyè 2021 an.

Bò kote pa defensè dwa moun nan, gouvènman an pa sispann lage lamama nan lari a presizeman voye pil magogo kòb bay baz bandi sangwen ”400 Mawozo ak G9 an fanmi e alye.

Yon lòt bò, numewo 1 rezo kap defann dwa moun nan, Pierre Esperance montre volonte otorite yo genyen pou ke ensekirite a pran plis pwa sou tèritwa repiblik la lè ke yo deside retounen ak 2 sibstiti komisè gouvenman ki te revoke depi kèk tan nan objektif pou libere bandi ki ta anba men lajistis.

Comments are closed.