Legliz Senlwi Wadfrans nan Pawas Senlwi Dinò reprezante yon yon malè pandye pou fidèl katolik yo.

Senlwi Dinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Legliz katolik Senlwi Wadfrans, nan Pawas Senlwi Dinò, depatman Nòdwès, yon ikonn achitektiral ki fè fyète popilasyon vil ki pi pwòp e bèl nan Nòdwès peyi Dayiti. Sepandan, estrikti sila kap fè fas depi dig dantan ak delabre twati li, kapab twonpe solèy, men pa lapli!
Enfòmasyon TRiboLAND arive rekeyi, fè eta genyen gwo malè pandye ki plane sou tèt fidèl patisipan avan lontan. Legliz la koule tankou paswa; twati a pouri depi lè djab te kaporal e parete absoliman anyen pou li parachite sou tèt moun.
Devan malè pandye sila, Pè Roberson Pierre te oblije fè apèl ak yon teknisyen pou evalyasyon travay reparasyon estrikti twati enstitisyon eklezyastik la, ki make danje. Konsa, responsab legliz la ap bezwen plis pase yon milyon goud pou reparasyon ou travay amenajman yo ki bay anpil lawouli..
Nan sans sa, Kire pawas Senlui Wadfrans lan, nan Senlwi Dinò, Pè Roberson Pierre lanse yon apèl pwese pwese bay tout pitit kay, pèleren fidèl katolik, ak zanmi vil Senlwi Dinò k ap viv anndan tankou deyò peyi a pou yo kapab manifeste yon jès solidarite fas ak yon parèy inisyativ ki plis ke ijan.
Nap raple responsab yo espere konplete yon parèy pwojè menm avan 24 out 2025 lan, yon dat make Fèt Legliz Wadfrans nan Pawas Senlwi Dinò.






