Selebrasyon Fèt Saint Jean Baptiste de La salle, Patwon Edikatè yo.

371

05/14/ 2021

Pòdpè______(TRIboLAND) Se jounen vandredi 14 me 2021 an, tout lekòl ki sou lobedyans Frè Lenstriksyon Kretyèn yo nan Nòdwès, patikilyèman nan vil Pòdpè, selebre Sen patwon yo, Saint Jean Baptiste de La Salle.

Nan okazyon an, yon gwo mès daksyon degras te rive chante, byen bonè maten 14 me 2021 an, anndan Katedral Pòdpè a, anprezans manm direksyon lekòl yo, pwofesè, elèv, ansyen elèv melanje ak paran, relijye ak relijyèz ki fè pati kongregasyon saa, pou n site sa yo sèlman.

Selebran Prensipal la, Rév Père Jocelyn Dolcé ki t ap prezante kilès moun pèsonaj saa, Jean Baptiste de La Salle te ye, deklare “Saint Jean Baptiste de La Salle, se youn nan pi gran edikatè sosyete li a te konnen paske l te fè diferans pami tout lòt edikatè parèy li yo. Se konsa, e se youn nan rezon ki fè yo pran yon mount ankou Saint Jean Baptiste kòm modèl, kòm egzanp paske l te kite Lespri Bondye pale nan limenm.

Pandan l te mete tout konesans li, tout savwa li ak entelijans li nan sèvis frè ak sè li yo, patikilyèman nan sèvis sila yo ki pi fèb, savledi sila yo ki plis meprize anndan sosyete a e se poutèt sa li te sèvi ak pawòl Levanjil la pou l di ” kite timoun piti yo vin mwen paske wayòm syèl la se pou yo”. La, Saint Jean Baptiste de La Salle te vle fè nou konprann, si nou pa chanje konpòtman nou pou nou vin tankou yon timoun piti, nou p ap janm rantre nan peyi Bondye wa a.

Kire Pawas Katedral Imakile konsepsyon nan vil Pòdpè, Rév. Père Dolcé te adrese l dirèkteman ak timoun lekòl yo kote l konseye yo pou yon pran zafè etid yo oserye paske selon prèt Katolik la, lè timoun lekòl yo konsantre yo sou etid yo, zòt p ap kapab sedui yo, esplwate yo epi mete zàm nan men yo pou fè san koule anndan sosyete a. ki donk, se sa sosyete ayisyèn nan ap sibi jounen anba men bandi sanfwa ni lwa ki achte sosyete an lajan kontan, daprè Rév.Dolcé ki t ap depoze nan mikwo TRiboLAND.

Kanta Pwofèsè, timoun lekòl yo sitou, asosye melanje ak manm pèsonèl ki fè pati Gran Rezo saa, Frè Lekòl Lenstriksyon Kretyèn Saint Jean Baptiste de La Salle, dapwè entansyon Rév. Père Jocelyn Dolcé nan mikwo TriboLAnd nan kad selebrasyon Fèt Saint Jean Baptiste de La Salle, patwon tout edikatè kretyen.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.