Mèri Pòdpè chanje non Ri “Pie X” an Ri “Monseyè Frantz Colimon”

1,464

11-12-2022

Pòdpè, Ayiti ___ (TriboLAND) Nan yon nòt Mèri Pòdpè a pibliye sou paj Facebook li, jodi samdi 12 novanm 2022 a, li enfòme popilasyon ayisyèn nan komin Pòdpè an patikilye ke non Ri “Pie X” (Ri Pi dis) chanje an Ri “Monseyè Frantz Colimon”.

Yon desizyon ki pran nan nivo Konsèy Kominal Minisipal la pou onore memwa ak imòtalize Evèk Emerit Dyozèz Pòdpè a, Monseyè Frantz Colimon ki te mouri 4 novanm 2022 ki sot pase a, a 88 lane.

Ri Pidis, se yon wout ki localize anfas Kolèj Notre-Dame de Lourdes la (CNDL) pou rale monte nan Ti Seminè Pòdpè a.

Konsèy Minisipal Pòdpè pwofite voye senpati yo bay tout Sosyete Misyonè Monfòten yo, fanmiy ak zanmi defen an ki kite yon pakèt valè inoubliyàb.

Comments are closed.