Lapolis Nasyonal libere Michelove L. Muscadin anba men bandi sangwen nan Tòsèl.

1,864

John Jean Jacques
03/18/2022
Pòtopwens_____(TRiboLAND) Lapolis Nasyonal libere san kondisyon yon sitwayen ki pote non Michelove L. Muscadin anba men bandi sangwen nan kapital la, notàmman nan lokalite Tòsèl.

Nan kàd operasyon koukouwouj ke fòs lòd yo mennen jounen vandredi 18 mas 2022 a nan lokalite Tòsèl, presizeman Kafou Fèy, yo arive libere Michelove L. Muscadin ki te kidnape depi 15 mas ki sot pase a.

Nan operasyon sila a, 2 bandi blese anba bal, men ki jwenn chans chape poul yo; sepandan yon lòt ki rele Phanor Civil, jwenn arestasyon l.

N ap raple w, pou anpil bandi k ap pouse e sonde kòn yo nan peyi a, konsidere zak kidnapping sou malerèz yon biznis ki pi rantab pou yo.

Comments are closed.