3 Boxer Ayisyèn ap patisipe nan Chanpyona Kontinantal la, nan peyi Ekwatè.

2,852

John Jean Jacques – 03/18/2022


3 Atlèt pral reprezante Ayiti nan Chanpyona Kontinantal bòks nan peyi Lekwatè sòti 22 mas pou rive 5 avril 2022 a.

Sòti 22 mas pou rive 5 avril kap vini la, plizyè peyi, pami yo Ayiti pral reyini nan “Quayaquil”, yon vil nan peyi Lekwatè pou kapab patisipe nan Chanpyona Kontinantal ke Konfederasyon Amerikèn Box la ap òganize. Ayiti bò kote pa li ap gen 3 fanm boxer kap reprezante l : Blandina Salnave (64kg), Saintelise Jean (57kg) ak Kathreen Sterling (52kg).

Antrenè grenadyèz yo, Toledo Calvario, ki se yon natif natal peyi Kiba deja mete medam yon sou men yo nan kad preparasyon depi kèk jou, fè konnen ke yo deja pare pou al pran gan e defann bikolò a, yon fason pou rache kèk meday pou peyi Dayiti. Konsa, sa ki rete koulya, se federasyon an ki pou dispose yon montan 4500$ US pou frè vwayaj delegasyon an.

Nap soulinye ke Konfederasyon Amerikèn Box la anonse ke 3 premye atlèt ki pral medaye nan respektiv kategori yo (fanm tankou gason) ap gen pou resevwa : 10,000, 5,000, et 2,500$ US.



Comments are closed.