Aksidan / Desè : Angeline Philinstin mouri nan yon grav aksidan

1,925

03/15/2022

Chansòl, Nòdwès_____(TRiboLAND) Dimanch 13 mas 2022, nan entèval 7è nan maten, nan zòn Nan Wozye, Chansòl yon gro aksidan lakoz lanmò Angeline Philinstin, orijinè Sen Lwi Dinò.

Aksidan koze lòske genyen 2 moto siklèt mak Dayun ak Haojin arive fwape ansanm, youn tap soti nan direksyon opoze. Tou de moto sa yo frape ansanm e koze yon mechan aksidan ki arive koute lavi Angeline Philinstin ki genyen 52 rekòt.

Lè kat mare twà, 2 chofè moto yo te oblije kraze rak e pran lyann pou yo; alòske yo te kite kadav Angeline 2 pye devan tap benyen nan san li. Konsa, li te vè 8:30 minit nan maten, aparèy jidisyè ki te genyen nan tèt li Jij Titilè Tribinal de Pè komin Chansòl la te fè konsta legal yo.

Aprè sa, otorite yo pat pran tan pou otorize leve kadav la pou wout mòg; e fòs lòd yo nan komisarya komin Chansòlm la arive konfiske yon youn nan moto yo.

Depi ti jefò ki te fèt pou te amelyore twonson wout Pòdpè – Gwomòn nan, aksidan tout kalite pa sispann ap pran jarèt akoz konpòtman manfouben yon seri chofè tèt tchabwe, ki pa metrize kontrol vitès nan yon seri koub lawouli; yon remak ke jij ki te egzekite konsta kadav la te fè.

Fanuance HODNEY

Comments are closed.