Peyi Etazini ap anvizaje yon plan ki vize pou klase òganizasyon kriminèl “Viv Ansanm” ak “Gran Grif” kòm òganizasyon tèworis.

Enel Richard
Nouvèl la tonbe tankou yon bonm! Peyi Etazini prevwa pran yon dispozisyon drastik kont asosyasyon kriminèl “Viv Ansanm” ak “Gran Grif”, kote yo finalman dezinye yo kòm òganizasyon teworis. Konsa, yon parèy notifikasyon, pral kreye anpil sipriz ak retonbe.
Genyen lòt sous ki pa devwale ki ta vle fè kwè ke administrasyon Trump lan deja ap laloz ak otorite El Salvadò yo pou fasilite anprizonnman gang annafè yo nan yon sant kaseral ki pa nan tete lang ak sanzave. Enfòmasyon yo rapouswiv pou di, tout sa montre yon lòt apwòch bò kote entènasyonal la, nan fason yo konte trete dosye Ayiti a; li ouvè egalman pòt pou fasilite yon seri entèvansyon ki kapab enplike nenpòt ki fòs etranjè antre san onè sou tè Jan Jak la e pwosede ak arestasyon sitwayen gang ou reselè gang ayisyen yo.
Antouka, bagay yo pa piti! Notifikasyon Trump voye bay komisyon Afè Etranje nan Chanm Reprezantan an, poko devwale an detay; sepandan genyen yon seri sous anonim ki pa kache ke dispozitif sila yo pral vize ou sezi byen tout antite reselè kap sipòte e bay gang tete.
Kidonk, pou kèk moun ki genyen tèt yo sou zepòl e kap analize; yo deklare ke yo pa kapab tann pou yo wè kòman gouvènman ameriken an pral trete reselè ak konplis kap founi sipò bay group gang sila yo; sitou lè ou konnen ke gro zam latwoublay ki nan men gang yo soti anndan peyi Etazini, ki se premye founisè zam ak minisyon gang yo?
Anplis, eske dispozitif yo pral oblije pouswiv gro komèsan zam ameriken yo ki pa sispan espedye zam anndan peyi Dayiti? Ajoute ak sa, genyen anpil sispesyon ke anbasad amerikèn anndan peyi Dayiti ta nan gro konfyolo avèk gang yo ki pa kache rapò yo ak responsab enstitisyon diplomatik la.






