Komisè Pierre Jeir mande lòd nan pratik notè ak apantè nan jiridiksyon Pòdpè a

378
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi vandredi 8 dawout 2025 la, Komisè Gouvènman Pierre Jeir te rankontre ak notè ki nan jiridiksyon Pòdpè a. Pandan reyinyon an, li te egzije pou tout notè ki pa ofisyèlman komisyone pou komin Pòdpè a retounen nan komin kote yo te komisyone a. Li anonse tou li pral ekri Direksyon Jeneral DGI pou mande yo pa resevwa dosye notè ki pa respekte dispozisyon sila.

Komisè Jeir te raple ke nenpòt apantè ki gen entansyon fè yon apantaj dwe ale nan biwo notè ki gen manman pyès tè a. Anplis, apantè a oblije prezante tèt li nan Tribinal Premye Enstans (TPI) pou jwenn yon otorizasyon ki siyen tou anba paraf Komisè Gouvènman an ak Dwayen tribinal la. Daprè Komisè Jeir, mezi sa yo antre nan kad batay kont rezo mafya kap izipe tè moun nan jiridiksyon an.

Nap raple, genyen yon izin mafya kap pwodwi avoka, apantè, notè ak polisye eskanmòtè depi plis pase yon deseni ap vòlè kay ak tè malere nan Nòdwès peyi a.

Share:

Leave a reply