Nòdwès: Pòdepè anpatikiye ap selebwe Nwèl la nan fatra, labou, ensekirite, lavichè, blackout, grangou, ak lamizè

0 299


Pòdepè___(TRiboLAND) Grangou, mizè, ensekirite, lavichè, fatra, labou , se nan anbyans repinyan sa yo ke pèp Nòdwès, vil Pòdepè anpatikilye ap selebwe Fèt Nwèl li ane sa a.

Selon kèk sitwayen TRIBOLAND tap kesyone, yo fè konnen yo pa kapab pale de Fèt Nwèl ditou! Li klè pou tout moun lavi pa egziste nan depatman an, pou nou pa di jwenn mwayen pou ofri timoun yo yon kad


Gen sa ki di e nap site: Fèt Nwèl kise fèt lanmou ak pataj pa kapab selebwe kòm sa dwa nan vil Pòdepè, site Kapwa Lamò ki twouve li jounen jodi a nan fatra, labou, ensekirite, grangou, blackout, lamizè ak lavichè ki se sèl kòk chante nan baskou povwete.

Gen lòt sitwayen ki ale pilwen e ki fè konnen tout “olye Laprezidans ap gagote kòb peyi a bay Majistra yo ki pap regle anyen nan kominn yo ansuit nan fè bouyon popilè ak distribye kleren, yon bagay ki pa kapab konble atant popilasyon saa ki vrèman, vrèman, vrèman ap benyen nan kras, pouki sa l pat panse peye pwofesè sa yo ki gen lèt nominasyon nan men yo depi djab pat ko kaporal e kap pase yon Fèt Nwèl san yon goud Lesco?

Antouka, Fèt Nwèl la nan Nòdwès, patikilyèman nan Pòdepè pou ane 2019 sa a, tout katye, kòm tradisyon , dekore sevre answit tout kote moun pase anpil chan Nowèl fè mikalaw sevré, men se yon fèt kap kite yon move gou nan bouch popilasyon ayisyènn nan, patikilyèman pèp Nòdwès ki te deja a lagoni.


Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Leave A Reply