Direksyon lise nasyonal Filip Batelemi Karis anonse li pap fonksyone nan aprèmidi ankò

734

08-10-2023

Karis, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki soti nan direksyon lise Filip Batelemi Karis la jounen jedi 10 dawout 2023 a, fè tout paran elèv konnen enstitisyon an pap fonksyone aprèmidi ankò.

Direksyon an kontan remèsye tout konpatriyòt ou pitit Karis ki nan diaspora, pou fason yo te pote kole nan ede lise a jwenn chèz pou elèv yo chita. Malgre jiska prezan, lise a toujou gen pwoblèm chèz san konte biwo pou pwofesè yo ak divès lòt materyèl.

Direksyon an pwofite okazyon sila pou fè tout elèv konnen pou akademi 2023-2024 la lise a ap fonksyone soti 7 h – 2 h nan aprèmidi. Konsa, tout elèv dwe pase rezève plas yo. Nap raple jiska prezan lise Filip Batelemi Karis ap fonksyone nan yon batiman san pòt, e san fenèt.

Direksyon lise a ap mande mouche minis edikasyon an pou vire je gade lise Karis la, kap pran lanm.

Comments are closed.