Ti Gwav: inogirasyon Lise Roseline Vaval

295

01/09/21

Pòtoprens______(TRiboLAND) Prezidan repiblik la, Jovenel Moise inogire vandredi 8 janvye 2021 yon lise ki pote non Roseline Vaval nan Ti Gwav, Vyalè.

Espas edikasyonèl sa ki genyen 18 klàs (51.84 mèt kare chak), yon teren baskètbòl, yon blòk sanitè, yon podyòm, yon sal refektwa (62.55 mèt kare), yon sal enfimyè, yon blòk administrative ak teknik e ki genyen yon sal datant.

Nan okazyon sa, chèf leta a te pwofite renouvle volonte li pou fasilite edikasyon pou chak ti inosan ayisyen san diskriminasyon.

Lander Belair ki tap kòmante sou paj prezidan an ekri, “Non ou gen pou li ale nan listwa kòm mèyè Prezidan Ayisyen. Mwen genyen 30 lane e pèsòn moun pa janm arive fè sa w’ap fè la. Bon travay!”

Alòske, kèk lòt kritik estime ke responsab yo nan peyi Dayiti ta sanble pa evolye ase pou yo pa menm anvizaje yon bon sistèm idwolik pou twalèt ak lavabo nan yon espas parèy. “Li lè li tan pou nou evolye,” daprè yon lòt sitwayen ki t’ap depose nan okazyon an.

Comments are closed.