Yon chofè moto taksi bwile byen grav e yon moto tou nèf kankannen nan rakèt gaz ilegal

927

11-27-2022

Tigwav, Ayiti______(TRiboLAND) Yon moto taksi tou nèf boule rapyetè nan lokalite Pwovens 12èm seksyon kominal Dèfoug Tigwav ozanvowon 7 tè maten dimanch 27 novann 2022 a.

Selon deklarasyon kèk abitan ki te sou plas rapòte TRiboLAND, ensidan sa a rive nan moman chofè a tap soti achete plizyè galon gaz ilegal nan komin Leyogan. Se konsa, lè li fin desann mòn tapyon li ta sispèk genyen yon machin lapolis kap swiv li, li refize wout nasyonal # 2 a e li tante rantre nan yon pèse ki pa fèt pou moto. Chofè moto a pèdi ekilib li epi-l tonbe nan yon twou ak tout galon gaz yo ki espoze.

Chofè moto a ki pa mouri, se pandan li boule gravman grav; pou kounye la a, li kouche sou kabann lopital jeneral Notre Dame Tigwav ap resevwa swen ke ka li nesesite.

Nap fè remake, Komisè gouvènmen pakè jiridiksyon Tigwav la Mèt Pierre Elioth Paul pa sispann sezi epi arete moun kap estoke gaz ilegal lakay nan lide pou fè mache nwa nan kominote tigwavyèn nan.

JOICY Arnold

Comments are closed.