Chita pale ant Direktè polis a.i Frantz Elbé e komisyon politik Sena repiblik Dayiti a

2,496

Louis Jameson – 03/07/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Jodi lendi 7 mas 2022 a kòmandan an chef polis la Frantz Elbé akonpanye divès lòt chèf tankou enspektè jeneral an chèf, Fritz Saint-Fort, enspektè jeneral Gardy Muscadin elatriye te rankontre prezidan komisyon politik Sena a, Patrice DUMONT, senatè Pierre-Francois Sildor ak senatè Kedlaire Augustin ki yo menm se manm komisyon sila.

Moman rankont sila, gwo chèf yo te plis peze sou sitiyasyon ensekirite peyi a; menm jan tou, yo te panche sou ka Matisan e Kwadèboukè ki reprezante malè pandje sou tèt popilasyon an kote ke chaje bandi sangwen ame jouk nan dan kap simen laperèz lakay moun kap vakye ak aktivite yo.

Se konsa, Direktè jeneral a.i enstitisyon polis la kwè li dwe rapousuiv rankont li yo ak reprezantan plizyè kouch ki anndan sosyete a nan lide pou konbat pwoblèm ensekirite kap efondre peyi a.

Comments are closed.