Lig Baskèt-bòl Pòtoprens lan anonse lansman yon nouvo chanpyona baskèt.

2,134

John Jean Jacques – 03/07/2022

Pòtoprens______(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pibliye jounen lendi 7 mas 2022 a, Lig Baskèt-bòl Pòtoprens lan anonse lansman yon Chanpyona Baskèt pou jenn gason ki gen pou pipiti 24 lane. Chanpyona sila a, ki ta dwe demare nan mwa avril 2022 a, ap gen pou sipèvize anba lobedyans direksyon Teknik Nasyonal Federasyon Ayisyèn Baskèt-bòl la.

Nan objektif pou aktivite Baskèt-bòl reprann sou tèritwa repiblik la jan sa te ye avan an, plizyè lig nan tèt kole ak responsab Federasyon Ayisyèn Baskèt-Bòl nan peyi Dayiti, òganize nan mezi yo kapab kèk chanpyona, notamman, Lig Baskèt-Bòl Pòtoprens lan ki, anonse jodi lendi an, lansman yon nouvo Chanpyona Baskèt pou jenn gason.

Anplis, lig la lanse envitasyon bay tout klèb Baskèt ak Asosiyasyon ki espesyalize nan espò nan zòn metwoplitèn nan e ki ta vle patisipe nan aktivite mate boul wouj la, pou kontakte responsab yo, yon fason pou yo kapab jwenn plis enfòmasyon sou dewoulmam konpetisyon an.

Comments are closed.