BINUH rele 2 men nan tèt pou vag ensekirite kap vale teren nan peyi a

378

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan yon nòt  ke li fè sòti jedi 2 jwiyè 2020 an, Bureau Intégré des Nations Unis (BINUH) rele 2 men nan tèt e li deklare ke li gen gwo laperèz pou yon seri zak vyolans babar kap fèt nan katye popilè yo nan kapital la Pòtopwens.

BINUH di li pran nòt ke divès rezidan ap kite katye popilè yo akoz dènye zak vyolans yo ki fè 6 mò ak 12 blese ak zam san konte 70 kay bwile kankannen. Biwo a envite otorite peyi Dayiti pou pran dispozitif adekwat yon fason pou bay popilasyon an sekirite espesyalman atravè enstitisyon leta yo ak fòs sekirite yo.

BINUH raple ke pa trò lontan te gen zak vyolans ki fèt kont moun nan Ponwouj, Matisan, Site Solèy e san bliye masak Lasalenn 2018 yo e Bèlè 2019, yo tout dwe ankete e koupab yo dwe idantifye, pouswiv e jwenn santans yo.

Pou fini, BINUH reyitere volonte li pou kanpe bò kote òganizasyon sosyete sivil y oak ofis pwoteksyon sitwayen ak otorite nasyonal yon fason pou proteje dwa tout ayisyen.

Comments are closed.