Vizit Sekretè Deta Witkowsky nan Pòtopwens

2,629

03/08/2022

Nan yon kominike li mete deyò lendi 7 mas 2022 a, depatman Eta Ameriken fè eta de visit sekretè an apwè ameriken an pou operasyon konfli ak nòmalizasyon, Anne Witkowsky nan peyi Dayiti.

Nan kad yon dyalòg politik enklizif pou Ayiti, diplomat fanm nan ap gen pouf è lapawoli avèk PM Ariel Henry e mam group Montana yo jiska 9 mas 2022 a. Lap genyen pou rankontre ak plizyè antite dirijan fanm yon fason pou bay jarèt garanti, angajman, devlopman ak nòmalizasyon manch long gouvènman ameriken anvè pèp ayisyen an, dapwè sa kominike a fè konnen.

Diplomat Witkowsky ap genyen pou mete anfaz ansanm avèk pèsonèl Nasyon Tèt Kole y oak plizyè dirijan fanm nan okazyon Joune Entènasyonal Fanm yon fason pou detèmine wòl pwatik fanm yo nan rezolusyon konfli ak ekonomi; konsa, se yon lòt okazyon pou konfime angajman gouvènman Tonton Sam nan pwomote egalite ak patisipasyon djanm fanm yo kòm patnè egal nan ekonomi, politik ak sekirite peyi Dayiti.

Comments are closed.