Chèf gang “Lanmò San Jou” deklare lapè nan Kwadèboukè

2,707

02/27/2022

Kwadèboukè ____(TRiboLAND) Swit ak yon entèvansyon piman bouk ansyen chèf gang 400 Mawozo a Tizo fè nan mikwo John Colem Morvan, nouvo chèf gang baz la kidonk “Lanmò San Jou” deklare lapè nan Kwadèboukè.

Nan sans sa a, “Lanmò San Jou” mande ak elèv lekòl yo, ti machann, lopital, chofè kamyon ak tout lòt kouch yo reprann aktivite yo. Selon chèf gang lan, yon parèy desizyon arive pran nan lide pou tout kouch kap soufri yo rive jwenn yon soulajman.

Konsa, chèf gang sangwen an envite tout moun kite abandone rejyon an pou yo retounen vin rekipere yo. Sa yo ki ki gen fè ak bwa 4×4 yo ap gen posiblite benefisye yon kotizasyon nan mitan akolit li yo yon mannyè pou rive wè nan ki fason yo kapab ede yo. Kanta pou legliz Micho a, yo deja anvizaje yon dedomajman anfavè legliz sila, dapwè chèf kriminèl la.

Nan lide pou rive kenbe pwomès trèv ke l pwomèt la, “Lanmò San Jou” konfime ke li deja pase lòd ak tout sòlda li yo endistenkteman pou yo pa tire sou lapolis, epi rete nan limit yo.

Chèf gang 400 Mawozo a yon lòt fwa ankò anonse lemond antye ke batay kap fèt la a se batay gang ak gang. Li kontinye poul di, yo gade silans pa menm yon peta pap tire bò kote yo a mwens ke lapolis ta deside atake yo.

Pou fini, malgre “Lanmò San Jou” deklare baz li a fè yon trèv sou tout aktivite kriminèl yap mennen, sa pa anpeche l voye yon penga bay komisè Roger ko te l soulinye enplikasyon l ak chèf gang yo e pwomèt lap rive sou li kanmenm!

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.