Moun Lakwà Sen Jozèf kontinye avèk operasyon mache pran bandi: Yo debleye “Deblayi”, dezyèm chèf gang baz Eric Prospère a

1,324

10-05-2022

Lakwà Sen Jozèf, Pòdpè_____(TRiboLAND) Aprè popilasyon Lakwa Sen Jozèf la te fin pase alenfinitif gro tonton chèf gang Eric Prospère, misyon popilasyon an pat janm rive nan bout li. Konsa, operasyon mache pran bandi yo ap rapouswiv avèk anpil detèminasyon.

Plizyè patizan dèfin kriminèl la te profite gaye kò yo nan seksyon kominal la, e menm rive travèse nan lòt komin pou sove po yo. Anpil nan yo te pran lyann nan Basenble, Obè ak Chansòlm yon fason pou te sove po yo anba kolè popilasyon Sen Jozèf la.

“Deblayi” ensikoni, se non dezyèm chèf gang aprè Eric, ki tap opere nan Lakwà; li arive tonbe anba men popilasyon an ki aprè pase’l alenfinitif ak 2 lòt prezime bandi sangwen, pami yo ou jwenn yon jèn fi ki ta sanble selon kèk moun, se madanm defen chèf gang lan, Eric.

Lachas pè las ki deklentche dèyè bandi ou operasyon mache pran bandi yo ap mache tèt dwàt. Lapolis ou lajistis ta sanble pa arive ankadre popilasyon an nan dezenfekte lokalite ki te anba kontròl bandi sangwen yo. Nap raple, operasyon mache pran bandi a, vize netwàye yon fwa pou tout Lakw Sen Jozèf klè kon kleròz.

Beetho

Comments are closed.