Yon lòt dràm nan Sen Lwi Dinò: 5 moun mouri nan yon kay san yon mak sou kò yo

2,381

02/27/2022

Sen Lwi Dinò_____(TRiboLAND) Djak sou djak nan komin Sen Lwi Dinò; popilasyon an nan komin Sen Lwi Dinò, zòn Ti Rivyè, depatman Nòdwès leve jwen 5 kò san vi, san yon ti mak sou kò yo, 2 pye devan anndan yon kay jodi dimanch 27 fevriye 2022 a.

Selon enfòmasyon ki rive jwen TRiboLAND, mò yo pa genyen oken siyn ki ta endike se zak asasinay ki ta alabaz yon parèy dràm. Annatandan konsta pweliminè legal yo manniganse, obsèvatè yo ta remake youn nan viktim yo ta sanble te genyen yon kas dekout ki te kontinye ap jwe nan zòrèy li, dapwè sa jounalis Pascal rapòte bay Radio Marconi nan vil Pòdpè.

Plizyè obsèvasyon ta kenbe ipotèz monoksid kabòn ki ta touye sitwàyen yo ki te genyen yon ti delko silansye anndan kay la; yon yon ipotèz ki poko kapab konfime san konsa legal otorite lokal yo.

Antouka, yon lòt kalamite, yon lòt dezolasyon ak dlo nan je yon pèp kap mouri akoz konesans.

Comments are closed.