Lagè Rusi-Ikryèn se rezilta pwomès se dèt!

0 3,081

Tout lagè toujou pote pwoblèm; menm pou pati ki genyen viktwà nan gè a! Pou konprann sa kap pase nan peyi Ikryèn koulye a, fòk ou ta refere a sak te pase lè Union des Républiques Socialistes Soviétiques (URSS) tap deplase misil e bwote yo jis nan peyi Kiba nan lane 1962. Lè sa, prezidan ameriken an John F. Kennedy te frape pye li e Kroutchev ki te prezidan nan URSS epòk la te fè bak sou yon parèy dezisyon. Pat manke anpil pou 2 gwo toro yo te fwape kòn yo.

Lè URSS tonbe nan lane 1991, pèp Almay la te anvayi miray Bèlen an; konsa, peyi Etazini sou prezidans George Bush (papa a), an premye te pwomèt Boris Yeltsin kite premye prezidan peyi Rusi yo pap asèpte fè antre nan OTAN ansyen repiblik kite sou dominasyon URSS yo. Bò kote alman yo, Helmut Kohl ki te premye minis peyi Almay, te plis vle pou 2 Almay yo fè yon sèl e pou Larusi retire sòlda yo nan bò Almay kite “kominis” lan.

Peyi Etazini pa kenbe pwomès li, anpil ansyen peyi ki te sou lòd peyi Larusi vini manm OTAN e mesye yo antre fon nan 5 mèt 50 peyi Larusi a. Bagay sa fè Kremlen mande anraje. Se konsa, sa nan lane 2014 la Russie anvayi Krime, yon zile ki kole ak peyi Ukraine. Otorite rus yo te toujou ap mete presyon sou Ikrèn. Poutin menm arivemanipile eleksyon nan peyi Etazini anfavè Donald Trump pou te kraze tout pwojè OTAN nan zòn Ewop la yon fason pou te arive genyen kontwòl ansyen peyi ki te sou dominasyon li. Trump te pèdi eleksyon dezyèm manda yo; kidonk, lòt etap la pou Poutin, se anvayi, demilitarize ak netwaye peyi Ikryèn ak yon tandans ikronazi . Li enpòtan pou sinyale, menm jan ak Vladimir Poutin, anpil sitwàyen rus yo te toujou reve wè Larusi retournen jan li te ye anvan an. Eske istwa ap repete? Nou pa konnen!

Men sa pou nou konnen, ni peyi Etazini, ni peyi Larusi, se 2 gwo peyi “ENPERYALIS” kap enpoze dominasyon politik ak idewoloji yo sou lòt peyi.Yo chak itilize metòd pa yo pou yo fè sa. Peyi Ikrèn genyen anpil resous mineral lakay li; e tou 2 supèpwisans yo ta vle gen kontwòl yo. Sepanda, kontrèman ak sa yon seri moun panse, Etazini pa kouri al goumen ak Larusi konsa konsa. Yo tou 2 aranje yo nan ki fason pou yo dirije mond lan: ki se, “wè nan enterè m pou m pa wè nan enterè w!”

Yo tou 2 ap pyetine dwà lòt peyi, ki se yon bagay sakre sou late. Kidonk, okenn lòt peyi pa dwe ap maspinen yon lòt peyi. Nan moman sa peyi Ikrèn ak pèp li a anba lagè pou kò li. Peyi Etazini ki te vann li yon katafal zam, gentan fè kont benefis li. Se tankou, degaje w, naje pou w sòti. Koze sanksyon yo mete sou peyi Larusi ak Vladimir Vladimirovich Putin pap wete yon yota nan plan Alatèt kremlin an. E youn nan pi gwo fòs peyi Larusi, sèke li rich an petwòl. Peyi Etazini pou tèt pa li sèlman, itilize 1/4 gaz ke yo pwodwi nan mond lan. Sa ta vle di sou chak 100 barik petwòl (gaz) ki pwodwi nan mond lan, 25 barik pase nan peyi meriken. Pandan nap redije yon parèy atik, pwi gaz nan ponp yo gentan ap monte balkon, mache ekonomi mondyàl gentan gen lawouli e ap kandale desann.

Yon lòt bò, peyi Lachin (2è peyi ki pi rich apwè peyi Etazini) bò kote pa li ki yon pwisans enperyalis kap monte an fòs patikilyèman nan kontinan afriken ak lòt zòn nan amerik latin nan, ap pran nòt sou fason peyi kapitalis yo ki genyen blan meriken nan tèt yo ap manniganse pou jere dosye Ikryèn nan. Konsa, sa pràl fasilite li detèmine nan ki fason estratejik li pràl pwosede pou fè yon vare sou Tywann ke li konsidere depi lontan kòm pwovens li. Eske sa ta vle di Lachin pràl pran chans li tou sou Tywann? Nou pa konnen. Eske li ta jwen egalman kèk garanti bò kote rus yo? Nou pa konnen.

Selon kèk espè militè, deplasman larusi fè sou peyi Ikryèn nan, montre ke se apèn kèk semèn lap pran pou genyen kontwòl konplèt peyi Ikryèn. Se posib, Lachin ap chofe jarèt egalman pou posiblite enplemantasyon yon plan parèy. Atitid li yon tijan sispèk nan fè mawonaj nan yon parèy dosye; kòm gwo manm Konsèy Sekirite ONU, li pat pran oken rezolisyon ki pat nan avantaj peyi Larusi. Konsa, lè lap fè vare pa li pou Putin pote kole ak li. Menm jan peyi Etazini toujou fè laloz lè peyi Izrayèl ap maspinen Lapalestin ak lòt peyi nan Mwàyen Oryan an. Jan pwovèb la di: “grate do m ma grate pa w”!
Sous: plizyè sous (jounal ak televizyon)

Patrick Multidor, Ekonomis
Fort Lauderdale, Florida
26/02/2022 @12:25 pm

Leave A Reply