Direksyon depatmantal TPTC nan Nòdwès voye jete tout enfòmasyon ki ta fè kwè ke lap jere kòb asenisman

2,550

02/16/2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan yon chita anba tonèl ak lapwès jounen mèkredi 16 fevriye 2022 a, direksyon depatmantal travo piblik ak transpòtasyon e kominikasyon branch nòdwès, ki genyen nan tèt li, JOSEPH Angelot Horacius voye jete byen lwen tout enfòmasyon kita fè konnen ke direksyon l ap dirije a ap jere kòb asenisman.

JOSEPH Angelot Horacius

Nan sans sa a, direktè a deklare nan dat kite 5 fevriye pase a, 2-3 moun ki fè tèt yo pase kòm anplwaye travo piblik vin manifeste devan pòtay biwo a pou mande kòb asenisman. Prezante yon seri videyo bay lapwès sou manifestasyon kite rive fèt kont direksyon lap dirije a, direktè a jistifye ke moun ki t ap manifeste yo pa fè pati direksyon travo piblik branch nòdwès la.

Pou direktè JOSEPH Angelot Horacius, nan ti bout tan ke li genyen nan tèt direksyon an, li pa janm fè asenisman e li voye jete tout lide kita fè kwè ke li resevwa kòb asenisman kontrèman ak lòt direksyon depatmantal yo.

Sepandan, nan kòb ke li te resevwa a, direktè a eseye drese yon bilan bay lapwès konsènan yon seri aktivite ke li deja antreprann. Pami yo, li site, asenisman chan avyasyon pòdpè a, netwayaj kanal, amelyorasyon nan Mòn Kayo, Lasalin, Dalo nan Balade poun site sa yo sèlman.


Poze l kesyon pou konnen ki men ki dèyè yon gwosè matrakaj Konsa? Pou Mesye Horacius, se yon tiponyen gwoup moun kap aji.

Pou li menm, briganday sa a deja lakòz gwo dega non sèlman sou sante direksyon an e lakòz egalman divès antrepriz tankou: Chamat, Total ak lòt ankò pa vle bay LETA kredi.

Comments are closed.