Pòdpè: pwosesis travay drenaj yo kreye foustrasyon ak satisfaksyon

373

Pòdpè___(TRiboLAND) Aktivite drenaj ke depatman TPTC ap antreprann nan vil Pòdpè ap mache tipa tipa ak yon deplasman demwazèl ki rann popilasyon an depasyante ak aksesibilite anviwonnman an ki kaotik ou ensipòtab.

Dapwè yon repòtaj TRiboLAND jodi Lendi 25 me 2020 an, divès chantye kap feraye atravè vil Pòdpè defigire konplètman site Kapwa Lamò a ki vinn sèt fwa pi degoutan e entenab. Chantye tankou zònn chan avyasyon an ki te deja bidonvilize ak yon seri strikti anachik, vinn pi mal e popilasyon nan espas sa yo doute sou achèvman travay drenaj sa yo ki depatcha tout vil la.

Yon lòt kote pou kèk lòt moun malgre plizyè wout an dezòd men gen espwa. Yo espere ke travay kanalizasyon yo dwe ale nèt jis kaske li fini totalman. Pou anpil nan moun sa yo gen anpil espwa; sitou lè yo kòmanse ap viv yon seri kanal ki deja konstwi anba kout sizo masonnri. Yo apwesye tou ti mouvman debleyaj ke yo kòmanse wè kap miltipliye sitou nan antre vil Pòdpè a.

Konsa, opinion yo pataje! Sepandan, anpil nan kritik sa yo repwoche gouvènman an ki pa fasilite ase yon fòm anplwayabilite ki te kapab soulaje mizè kèk sitwayen lokal ki pare pou vann jounen.

Ychmuth Corneille, TRiboLAND

Comments are closed.