Aktivite pwotestasyon travayè yo kreye gwo van panik sou Delma

2,544

02/16/2022

Delma, Pòtopwens_____(TRiboLAND) Bonbadman gaz lakrimojèn ke ajan PNH yo bay yon ekip travayè ki tap pwoteste byen bonè nan maten jodi mèkredi 16 fevriye 2022 a nan Delma 19 ak 30, leve plim sou do pwotestatè yo.

Nan yon pwemye tan, tout bagay tap byen dewoule selon yon seri sous ki konfime ke sitwàyen travayè malpeye yo tap reklame pasifikman 1500 goud salè minimum pou yon jounen travay, te tonbe anba move tretman fòs lòd yo ki genyen fòs sou bannan mi. Konsa, bonèt pwotestatè yo ta pral chavire.

Nan yon tèrè chape poul ak gaz lakrimojèn, travayè yo pat manke pa kalonnen ak kout wòch fòs lòd yo e drese barikad tout kalite ki te non sèlman leve yon van panik sou plizyè kontre nan Delma a, men ki te arive paralize tout va e vyen ekonomik yo pandan tout matine a.

Comments are closed.