GWO PASE MEN KÒMANSE FÈT NAN WONPWEN VIL PÒDPÈ A.

902

12 – 03 – 2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Gwo pase men gentan fèt nan Wonpwen vil Pòdpè a, nan lide pou jwenn yon amelyorasyon ak dlo, labou ki pa sispann taye banda ak bay panik nan tout vil la, espesyalman, nan Wonpwen an kote anpil moun konn fè pakou.

Travay sa yo rive fèt nan tèt kole ant Lameri vil la ak Direksyon Depatmantal TPTC, pou rive jwenn yon mwayen pou dlo pa dòmi nan Wonpwen an ankò, selon sa yo kominike.

Efektivman, Wonpwen an ki te kankou yon kivèt pou kenbe dlo, yo ranbleye li pou li vin plat atè.
Sepandan, anpil kesyònman fèt sou ki sa k ap sou ranblè otorite yo mete a, èske se asfalt oubyen beton y ap mete? Pa gen okenn moun deja ki kapab reponn yon parèy kesyon.

Nan revandikasyon popilasyon an, yo montre yo pa fè okenn otorite nan vil la konfyans. Yo di, se paske pral gen fèt Imakile, pou okazyon an, yo deside fè yon “bagay”. Men, selon yo menm, pa gen okenn travay k ap kontinye.

N ap souliye, pou travay sa yo konn reyalize, se antreprenè Guy Marcenat ki toujou bay anviwon 1000 galon gaz pou travay yo fèt. E, tout ma labou ak dlo yo te toujou rete yon etènèl defi devan makèt antreprenè a!

Comments are closed.