Lapolis arete enspektè Jean Pierre Philippe pou konivans li ak gang nan Latibonit

445
0
Share:
TRiboLAND

Senmak, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis nan vil Senmak mete men sou enspektè Jean Pierre Philippe, yon polisye ki t ap sèvi nan depatman Latibonit, aprè yo sispèk li gen relasyon sere ak gang kap opere nan zòn nan.

Daprè otorite polisyè yo, yo jwenn sou telefòn enspektè a mesaj ki bay kè plen; konsa, yo dekouvwi li tap negosye ak gang Taliban Mawozo yo pou atake komin Lachapèl, nan lannwit dimanch 22 jen 2025.

Arestasyon sa a fèt pandan anpil lokalite nan Latibonit ap viv anba men gang ame ki mete popilasyon an nan laperèz, boule biznis epi paralize aktivite ekonomik yo. Sa lakoz anpil moun ap mande kijan ajan lapolis yo ka enplike nan zak ki mete lavi sivil yo an danje.

Divès manm nan popilasyon an detèmine pou enskri polisye sangwen sila nan pwogram “Bwa Kale”a; akoz trayizon kont Larepiblik ak zak dezonorab kont enstitisyon PNH la.

Share:

Leave a reply