Òganizasyon pèp kap lite deklare misyon Doktè Ariel Henry kòm PM defakto kaba

234

Par Louis Jameson
10/02/2022

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon nòt pou laprès jounen jedi 10 fevriye 2022 a, Òganizasyon Pèp kap Lite (OPL) di l konstate iresponsablite ak movèz fwa potanta nan rejim PHTK ki kenbe renn peyi a depi plis pase yon deseni anba destwisyon total kapital; bat je pou bat je, menm valè senbolik ak legal yon seri dat tankou 7 fevriye ap disparèt.

OPL wè nan Ariel Henry yon nonm kap trese lèl nan fè jimnasti ak pwetansyon ki fè li kwè ke li gen dwa ekzèse pouvwa aprè asasinay prezidan Jovenel Moïse sou baz atik 149 konstitisyon an. Pou OPL, misyon PM Ariel la fini; li kaba nan menm kontèks li t ap fòse pouse devan san gade dèyè.

Nan menm lide sa, òganizasyon an pran nòt sou pil ak pakèt deklarasyon, revelasyon ki vin mare pye premye minis defakto a nan zafè sasinay Jovenel Moise la san konte fòm awogans rejim moun san cheve yo ap devlope depi bon tan, kontinye fè kwè yo se chèf latè akoz mouche blan kore dèyè bannann yo byen djanm. Kidonk, yo rete kwè tou, yo ka kanpe kou ke makak pou kenbe pouvwa a san rezilta.

OPL ale pi lwen pou di, PM defakto a meprize tout demach ak inisyativ ki vize retire peyi a nan kriz tankou ensekirite, kidnapping, mizè nan tout sans pou yon pèp san sekou.

Pati a fini pou ldi, se sèl yon konsensis bèl longè avèk patisipasyon divès sektè nan lavi nasyonal la ki kab bay yon moun lejitimite ou otorite pou travay sou dosye manman penba tankou : kwape ensekirite a, revize konstitisyon an, refòme lajistis pou mete kanpe yon konsèy elektoral e reyalize eleksyon ki fyàb, onèt e asèptab.



Comments are closed.