Mesaj opozisyon an nan rejyon “Palm” yo : “Kraze referandòm nan atè plat”

431

05/29/2021

Leyogan______(TRiboLAND) Nan objektif pou “kanpe ankwa  kont pwojè referandòm pou nouvèl konstitisyon Jovenel Moise la, fòs ki reprezante opozisyon peyi a ap gonfle ponyèt yo atravè yon seri baliz ki pou kraze plat atè yon parèy pwojè anti-demokratik.

Konsa, vandredi 28 me 2021 an, yon latriye pati ak òganizasyon sosyo-politik nan opozisyon an te antame yon pelerinaj sansibilizasyon nan rejyon “Palm” yo, ki gen pou wè avèk Leyogan, Ti Gwav ak Gran Gwav. Yo delivwe yon konsiy byen klè bay tout militan politik rejyon an e batize yon parèy mouvman sou non “Kraze referandòm nan atè plat”.

Pami gwo motè nan fòs opozisyon an ki te la, ou jwen Nenel Cassy e André Michel, reprezantan Sektè Demokratik ak Popilè a. Nan entèvansyon yo, yo konfime ke opozisyon an mobilize tout bon vre pou kanpe ankwà kont egzekisyon referandòm lan ki genyen pou objektif, anpeche lajistis mete men nan gagan koupab ki lapide, detoune fon piblik yo, ak enplikasyon kriminèl sanginè.

“Nap fè tout sa ki nesesè e nou mande tout militan politik ak tout sitwayen fè yon sèl tèt kole pou bloke foli referandòm Jovenel Moise ki bezwen vin wà, dapwè André Michel ki tap depoze nan rejyon “Palm” yo.

Alòske pou Nenel Cassy, se tout fòs politik anndan peyi a ki pou mobilize yon fason pou kanpe ankwa kont pwojè dyabolik ak kriminèl Jovenel Moise la ke li vle reyalize atravè yon KEP ilegal e gren senk.

Konsa, atravè pelerinaj sansibilizasyon sa, ansyen komisègouvènman Pòtopwens lan, Me Danton Léger te pwofite deklare ke li pa kwè ke genyen yon moun ki kapab pran chans vin enstale nan rejyon “Palm” yo yon biwo vòt pou referandòm Jovenel Moise la.

Comments are closed.