“Alcibiade”, komedyen ayisyen byen koni kraze yon kite sa

2,512

01/23/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Komedyen ayisyen enpekab, Super Star emisyon detant griyen dan sou Radyo Televizyon Karaib, Nicolas Pierre Rollin, alyàs “Alcibiade”, bay planèt do yè vandredi 21 janvye 2022 an.

“Biade” ki make nasyonalman teyàt ayisyen e ke anpil moun te admire abilite li nan aktivite komik griyen dan, te nan yon eta vejetatif depi plizyè mwà. Konsa, komedyen 83 lane a, mouri yè vandredi a. Yon lanmò ki fwàpe klas kiltirèl ayisyèn nan jous nan zo.

Kondòleyans a tout manm fanmiy “Biade” san bliye fanatik dan griyen ak administrasyon Radyo Televizyon Karaib la.

Poko genyen oken dàt fòmèl ki pwevwà seremoni finèb Nicolas Pierre Rollin. Pa genyen dout, tout zèv Biade yo ap rete imòtèlman nan memwà pèp ayisyen an! Ke nanm atis la repoze nan lapè etènèl!

Comments are closed.