Dezòmè soup joumou ayisyen an plase kòm patrimwàn kiltirèl ayisyen

399

01/01/21

Pòtoprens_____(TriboLAND) Atravè yon nòt ki soti 21 desanm 2020 dènye, minis kiliti ak kominikasyon ayisyen an, Pradel Henriquez enfòme popilasyon ayisyèn nan ansanm ak sa yo kap feraye nan domèn kilti ak nan teknik pou pwepare soup joumou ki se soup endepandans, ke ofisyèlman li anjistre kòm patrimwàn kiltirèl ayisyen; koulya, lalwa dezòmè pwoteje’l.

Yon parèy desizyon pran an fonksyon ak atik 215 Konstitisyon ak aplikasyon atik tankou 1 ak 2 konvansyon pou Sove Patrimwàn Imateryèl ki ratifye anba sinyati Palman an, 19 fevriye 2009 e ki mache ak alineya 2 nan atik 4 dekrè sou Dwà otè ak dwà vwazen 2005 yo.

Soup joumou, ki fè pati ADN kiltirèl tout ayisyen, toujou raple tout ayisyen ki moun yo ye nan je limanite e nan ki kondisyon yo te kapote yon sistèm esklavajis pou yo te arive fè 1 premye janvye 1804, ki make endepans peyi Dayiti, yon jou yo te finalman genyen aksè pou yo te bwè soup joumou ki te anba entèdiksyon fòs kolonyàl yo.

Bwè soup chak premye janvye, se yon koutim ki lakay chak ayisyen kèlke swa kote li ye atravè planèt la!

Comments are closed.