Direksyon depatmantal travo piblik branch nòdwès deside fwa saa amelyore twonson wout Lasalin – Mòn kayo a

2,975

01/19/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan lide pou soulaje pasajè nan zòn ba nòdwès k ap pran direksyon site kapwa lamò a, espesyalman abitan nan Lasalin ak Mòn Kayo, direksyon depatmantal travo piblik branch nòdwès ki genyen nan tèt li, Msye Joseph Angelot Horacius, deside tout bon fwa sa a, amelyore twonson wout Lasalin – Mòn Kayo a.

Mòn Kayo ak Lasalin ke anpil pasajè ou madan sara Ba Nòwès konsidere kòm yon veritab Matisan lè lapli tonbe, lakòz yon pakèt gwo aksidan mòtèl deja sitou lakay komèsan yo k ap fè va e vyen yo.

Direktè depatmantal travo piblik branch nòdwès la, ki li menm, santi l touche fas ak malè pandye ki sou twonson Mòn Kayo – Lasalin lan deside nan tèt kole ak ministè titèl li, pote yon ti lòsyè amelyorasyon nan mizèrere popilasyon an.



Yon parèy travay genyen pou objektif blayi atè plat Mòn Kayo. Pou direktè depatmantal travo piblik branch nòdwès la, Horacius Joseph, lide a sepa sèlman kraze mòn nan men tou se rive mete bonjan ranblè ki kapab kenbe eskanp figi wout la byen djanm.

Konsa, divès sitwayen nan zòn Kayo bat bwavo la kontantman pou kòmansman travay sila; konsa, yo swete tout bon vre fwa saa gen yon amelyorasyon.

Li enpòtan pou konnen sa pa gen lontan pasajè yo tap konnen lavi difisil sou wout Lasalin nan se gras ak entèvanayon direktè depatmantal travo piblik branch nòdwès la kite lakòz sityasyon an te amelyore.

Antouka, selon direktè Joseph Angelot Horacius, moun Mòn Palmis mèt mete men sou kè yo paske nan jou kap vini la yo travo piblik ap rive sou yo.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.