Yon lòt sispèk nan zak asasinay pwezidan Jovenel Moise la ta sanble pran minòt nan peyi lòt bò dlo

2,717

01/15/2022

Jamaik (TRiboLAND) Nan jou sa yo, se ti krik ti krak non yon pwezume kriminèl, anafè, ak gran kola ki enplike nan zak asasinay pwesidan Jovenel Moise la ap miltipliye youn apwè lòt. Fwà sa, ta sanble genyen yon lòt gwo lo ki tonbe yon lòt fwà ankò nan peyi Jamaik.

Enfòmasyon ki poko chita sou konfimasyon ta fè konnen, John Joseph Joel, ansyen senatè repiblikke Jistis Ayisyèn tap chèche tankou chyen fou nan kad zak asasinay pwezidan Moise, pran minòt nan peyi Jamaik maten samdi 15 janvye 2022 selon yon rekèt FBI.

JJJ ta sanble antre nan peyi Jamaik nan mwà desanm; li jwen arestasyon li ansanm ak 3 lòt pwezume reselè ayisyen nan yon zòn andeyò peyi rasta yo kote ke li tap viv nan kache.

Comments are closed.