Atis popilè Jamaiken Rygin King blese gravman anba bal pandan li tap soti nan yon antèman

321

Westmoreland____(TRiboLAND) Enfòmasyon ke TRiboLAND kapab konfime fè eta de selèb atis “dancehall” jamaiken, Rygin King trouve li lopital nan yon eta kritik aprè ke li tap soti dimanch aprè midi nan yon antèman kote ke plizyè moun abò yon machenn ouvwi kout zam sou machenn atis la.

Yon fanm ki te akonpanye King arive blese grav nan moman fiziyad la. Malerezman, fanm nan arive pèdi lavi li aprè kèk èd tan.

Rygin King ki genyen 25 lane, te transfere lopital e kouri subi yon operasyon bwit sou kou. Antou ka, nan espas yon semènn fiziyad sou plizyè atis pa sispann miltipliye atravè peyi Jamaik.

Comments are closed.