Biwo vòt nan Repiblik Dominikènn te gentan chaje ak moun menm avan 6:00 jodi Dimanch maten an

0 492

Sen Domeng___(TRiboLAND) Anpil votè te gentan nan bwat vot yo avan 6:00 maten an nan Repiblik Dominikènn alòske aktivite vot yo ap kòmanse vè 7:00 am. Enfòmasyon ki soti nan Greater Santo Domingo ak latriye fè eta yon katafal votè motive ki pwezan nan sant vot yo ki gen polis electoral kap siveye yo e ki ap mete lòd sitou nan linn votè yo. Detèminasyon ak antouzyas votè yo te trè remakab, anpil nan yo tap bwè kafe ak chokola nan men yo pandan yo tap tann.

Pa ekzanp, Lekòl Teofilo de Jesús Garcia ki nan Ri Febrero nimewo 27 nan Santiago te boure avèk moun; linn moun nan Lekòl repiblik Panama a ki sou Avni Venezwela a nan zònn Ès Sen Domeng te deja sansibilize pou egzèse devwa sivik yo.

Gen divès kote votè yo menm gentan pwezante menm avan pèsonèl tab yo, polis elektoral yo, ak delege diferan candida yo. Anfen, yon pèp ki vle pran desten peyi l an men, e ki koutinye ap mete pwesyon pou yon repiblik pwospè e òganize.

Leave A Reply