Rankont Kòdonatè depatmantal Pati Politik Viv Ayiti la nan okazyon fèt ansenyan yo nan Nòdwès.

2,626

05-18-2022


Pòdpè_____(TRiboLAND) Kòdonatè depatmantal Pati Politik Viv Ayiti a nan nòdwès, Me. Daréus L.Toussaint, rankontre epi chita pale ak divès ansenyan, jounen madi 17 Me 2022 a nan okazyon fèt yo.

Nan okazyon chita pale a, direktè depatmantal branch nòdwès la, te pwofite abòde ak ansenyan yo, divès kalite pwen tankou: move tretman ansenyan yo, pwoblèm nominasyon, difikilte y ap rankontre nan sal klas yo, poun site sa yo sèlman.

Yon lòt bò, Me. Dareus L. Toussaint te tou pwofite abòde problematik fèt drapo a chak lane, epi tou pwofite raple pwofesè yo ke, dat 18 me a, senbolize fyète ak inyon nou kòm premyè repiblik nwa sou latè. Sepandan, fèt drapo a dapwè kòdonatè a, toujou fete nan divizyon ak chen manje chen.

Pou Me.Dareus L.Toussaint, pati politik lap sèvi a, toujou ap mande rekonsilyasyon ak yon akò lajman laj, yon mannyè pou san sispann koule nan peyi a, malerezman gouvènman defakto PM Ariel Henry a pa janm tande la rezon.

Kòdonatè depatmantal Pati Politik Viv Ayiti a nan sans sa a, santi l vekse fas ak konpòtman soudè bèbè Premye Minis lan, li deside pran baton pèleren epi rankontre divès sektè yon mannyè pou rive wè si veritableman Ayiti kapab sòti nan labou ak kriz sosyal, ekonomik ak politik lap travèse a.

Poze kòdonatè a kesyon pou mande l, èske yon pataj gato ka retire peyi a nan sal ye a? Li reponn, se yon konnsansis lajman laj ki kapab retire peyi a nan sa l ye la. Nou se Ayiti! Viv Ayiti cheri!


Comments are closed.