Foutbòl-Koup Lafrans (fanm): Ayisyèn nou yo konnen pwochen advèsè yo pou 8èm de final la.

2,185

Par John Jean Jacques

01/13/2022

Pari, Lafrans_______(TRiboLAND) Tiraj o sò pou 8èm de final Koup Lafrans bò kote medam yo fèt nan lokal Federasyon Foutbòl peyi Lafrans mèkredi 12 janvye 2022 a. Grenadyèz nou yo deja konnen ak ki ekip yo pral troke kòn yo.

Pou 8è de final Koup Lafrans, FC Nantes ki genyen ladanl yon ayisyèn ki se Roseline Eloissaint, ki ta pral pouse do En Avant Guingamp deyo nan 16èm de final la, pral kontre bab pou bab ak yon lòt ekip kap jwe nan divizyon 1 an nan peyi Lafrans bò kote medam yo ki se ASJ Soyaux. Roseline ak tout rès ekip Nante lan ta dwe fè menm figi yo te fè nan 16èm de final la.

Pou ekip Stade Reims ki genyen landan l yon lòt talan ayisyèn ki se Melchy Daëlle Dumornay ki gen ti non jwèt li Corventina, ki te elimine RC Lens, pral gen pou troke kòn li ak ekip Monako a. Yon ekip ke Corventina ak rès ekip Reims ta dwe mete do atè yon fason pou jwen kalifikasyon pou l ka kontinye nan konpetisyon an.

Nap raple ke pou 8èm de final Koup Lafrans lan, pral gen yon gro chòk ki pral mete fas pou fas ekip Lyon an ak ekip Pari Senjèmen an.

Men kòman 8e de final yo pral repati :

CALAIS vs RODEZ

STRASBOURG vs FLEURY

PARIS FC (D1) vs LE HAVRE

ALBI vs MONTPELLIER

PSG vs Lyon

YZEURE vs LILLE

SOYAUX vs FC NANTES

MONACO vs REIMS

Match sila yo ap gen pou jwe nan wikenn 29 ak 30 janvye 2022 a.

Comments are closed.