Sant Senteréz : Sè Evangelis Sen Jan yo fèmen pòt yo ofisyèlman li nan Wanament

1,037

Sant Senterèz : Sè Evanjelis Sen-Jan yo fèmen pòt yo ofisyèlman li nan Wanament

09-21-2022

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch (IBESR) fèmen pòt madi 20 septanm 2022, Sant Sainte-Thérèse Sè Evangelis Saint-Jean nan Wanament an prezans jij depè komin nan, Me Renaud Pierre. Desizyon sa a te pran aprè enfòmasyon ajan IBESR yo te rasanble ki te rapòte yon ka eksplwatasyon seksyèl yon minè 14 zan nan sant sila.

Kòdonatè depatmantal Nòdès IBESR la, Mesye Occéan Rémy fè konnen zak sa a se yon anplwaye sant la ki toujou an sèvis ki ta komèt li. Daprè Mesye Rémy, sant la deside fèmen pòt li imedyatman aprè akoz pa genyen ase espas pou ebèjekote tout timoun yo nan sant la.

Mèt Rémy presize ke lajisti te sou plas yon fason pout e akonpli yon misyon trè espesifik nan kad operasyon sa a. Jij Renaud Pierre te gen misyon pou fè envantè byen ak materyèl ki te nan sèvis timoun yo nan sant la. Malerezman, espas la te gentan vid anvan nou rive, li te fè remake. Li kontinye pou l di, tanporèman IBESR bay swen ak yon timoun ki andikape pandan l ap tann pou l jwenn yon bon sant nan kominote a ki adapte ak sitiyasyon l e ki pare pou l akeyi l.

Konsènan lòt timoun yo te plase nan sant la, gen kèk ki deja rejwenn fanmi byolojik yo epi lòt ke yo mete nan lòt sant oswa fondasyon nan zòn nan daprè Occean Remy.

Depi koulye a, pa gen okenn timoun ki pral ale nan Sant Senterèz nan Sè Evanjelis Sen-Jan yo, ki definitivman fèmen .

Jn Simon Manex

Comments are closed.