Avoka kap defann mèsenè kolonbyen yo kap bwè pwizon nan peyi Dayiti konfime ke yo te tòture yo pou yo te avwe

2,803

01/09/2022

Bogota, Kolonbi______(TRiboLAND) Mèt Lorena Läzaro, avoka fanm kap defann 15 pwezume mèsenè ou militè kolonbye koupab nan asasinay pwezidan Jovenel Moise la, konfime ke se anba tòtur ou malfezans ke pwizonye yo te arive avwe.

Mèt Lorena Läzaro ki se pwezidan Fondasyon pou Defans ak reprezante Fòs piblik ak tout Fanmiy (FUNDEREF) fè yon parèy deklarasyon nan moman yon interview ke li tap bay Radio RCN nan peyi Kolonbi. Mèt la konfime ke tout militè pwizonye yo ki enkasere nan Penitansye Pòtopwens, konfime ke te yo anba gwo pwesyon ak tòtur ki te oblije yo avwe asasinay chèf Deta a nan moman entèwogatwà yo. Mèt Läzaro rapouswiv poul di ke malfesans sa yo te fèt an pwezans aktyèl Alatèt Direksyon Ransèyman Lapolis peyi Kolonbi a, Jeneral Nornerto Mujica. Yon seri alegasyon ke Jeneral Mujica voye jete e menm deklare ke li pat janm temwen oken zak tòtur ki tap egzèse sou pwizonye yo nan moman entèwogatwà yo.

Jeneral la deklare ke tout sa yo se manti kon fyèl! “Bondye fè li genyen tout anrejistreman pwosès entèwogatwà yo avèk li. Si Mèt Lorena Läzaro genyen pwèv ou evidans de tout zak malfektè sa yo, ke li depoze yon plent kont yo; mwen pa genyen pwoblèm paske mwen genyen tout pwèv transparans pwosès la ki te fèt nan peyi Dayiti. Mwen deklare: legalman e jidisyèman, mwen pa genyen oken pwoblèm sou fason bagay yo ap dewoule nan peyi Dayiti”, deklarasyon Alatèt Direksyon Ransèyman Lapolis Kolonbi a, Nornerto Mujica.

Comments are closed.