Plàs katedral nan site kapwa lamò a tounen yon debotwa fatra

3,184

01/07/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Grandèt yo toujou di yon, Plàs Dàm, se yon lye rankont, yon andwà tout moun al fè ti chita pale pran bon ti frechè. Anplis, paran kapab mennen ti moun vin egaye yo, fè bèl ti foto ou moute balanswà. Tout bagay sa yo pwouve totalman lekontrè de sa ke Plàs katedràl Imakile Konsepsyon devni jounen jodia.

Aloskè yon Plàs ki ta dwe repwezante jaden ou salon pèp la, enfekte ak tout kalite dechè deyò kon anndedan yon parèy espas ki an agoni. Pou anpil moun ki te konnen sa yon parèy espas te repwezantan pou yon seri evenman seremonyèl, pa kapab genbe dlo nan je devan yon parèy dràm. Pou yon pakèt lòt moun, “devan pòt tounen dèyè kay”. Se yon vil ki tonbe anba men otorite sangwen ki se moniman ki apèn ap degwosi sosyàlman; men poutan ki pa kapab divòse ak salte, alewè yon plan asenisman.

Lontan anpil moun te konn fwekante yon parèy espas; sitou chak dimanch. E sa tekonn fèt nan sousi pou fè pwen de rankont yo epi detann yo. Li te yonn nan kote ki te toujou pwòp, siw gen yon bagay ki tonbe atè ou pa pran’l se ou ki vle. Li te toujou bèl ak yon kouvèti vejetal. Jodi a akoz de malpwòpte ki gen sou plas la, pèsonn pa swete pase menm yon segonn nan yon anviwonman kote ke fatra ou dechè tout kalite kap degaje anba tounen popilasyon an ak otorite iresponsab.

Genyen kritik ki ale pi lwen pou yo di: si swadizan otorite lòbèy nan vil Pòdpè yo asèpte fè tèt yo pase kòm chèf nan yon vil sansal konsa kap naje nan malpwopwete, ou pa bezwen wè nan ki eta anndan lakay yo ye? Antouka, Julmiste ki se yon natif natal vil Pòdpè, ki soti nan yon fanmiy modès nan Site Kapwà Lamò a pa ka kenbe dlo nan je lè li te aprann majistra Josué Alusma te bay yon òganizasyon ki reyini yon pakèt pitit Pòdpe nan peyi etranje (Sove Nòdwès), yon mizangàd pou yo pa ale twò fò ak yon pwojè asenisman vil la, paske fatra a se politik li ye.

Nap raple, Josué Alusma ki ta sanble anime de yon sechrès konpetans e ki pote anpil male ak malediksyon pou yon parèy vil, te jwen benediksyon defen pwezidan Jovenel Moise ki te asèpte rekondwi li apwè ke li te fin fè foto ak kèk poubèl òganizasyon “Sove Nòdwès te kòmanse ap plase nan vil la.

Antouka, foto ki anba atik la montre nan ki eta yon seri otorite te jwen Plàs Katedràl Pòdpè a; ki jounen jodia transfòme an yon veritab depotwà fatra nan yon vil sikre, sal, malpwòp anba lobedyans ou leadership : Majistra, Josué Alusma, Delege Depatmantal, Sony Dordoille, Komisè gouvènman, Jean Volny Bellamin e yon latriye lòt ki nan depatman anviwonman ak pwoteksyon sivil.

Nap raple, menm jan ak anpil lòt kote nan vil Pòdpè, Plàs Katedral se dènye kou ki pou te touye koukou. Si pa genyen yon mouvman leve kanpe pou kwape salòp jeneralize sa, li pap pran lontan pou fatra rive anndan Katedràl la.

Comments are closed.