Lapolis nasyonal pase alenfinitif yon bandi ame nan Kafou Fèy

01/03/2022
Kafou Fèy, Pòtopwens______(TRiboLAND) Dapwè enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon TRiboLAND jodi lendi 3 janvye 2022 a, yon patwouy pawozaj PNH ki konpoze bwigadye nan nivo envèstigasyon pou DCPJ pase alenfinitif nan echanj kout zàm, yon pwezume bandi ame ki tap ransone lèpasan byen bonè nan maten nan zòn Kafou Fèy.
Konsa, li pat pran twòp tan pou yon jij depè ki nan jiridiksyon lokalite a depeche sou sèn fiziyàd la pou konsta legal kadav la.






