Afwontman ant de gwoup gang lakòz yon bandi manke bwè dlo bouch li

166
0
Share:
TRiboLAND

01/03/2022

Pòdpè________(TRiboLAND) Nan kad afwontman ant 2 gwoup gang ame nan zòn anbouchi vil Pòdpè a lakòz yon endividi ke anpil moun konnen sou non Tizo, yon sòlda dènye rèl nan zòn site Makso rive resevwa plizyè bal, jounen lendi 3 janvye 2022 a vè 5è 30 apwè midi.

Li enpòtan pou konnen 2 baz sa yo toujou ap twoke kòn yo akòz gwo aktivite zangi a, kap bay gwo magogo lajan kote chak baz ap batay pou gen kontwòl tèritwa anbouchi.

Pou koulya, gen enfo ki ta fè kwè ke sòlda dènye rèl, ki donk Tizo ta bwè dlo bouch li konsa gen lòt enfòmasyon kita fè kwè ke l pran chimen lopital.

Antouka nou swete lapolis ak lajistis fè travay li nan kad dosye sila!

Genson HYPPOLITE

Share:

Leave a reply