PM Ariel Henry inogire yon ekstansyon nan espas anbakman Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture

2,954

12/31/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Plizyè gwo potanta nan gouvènman Ariel Henry a te akoste li yè jedi 30 desanm nan nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture nan kàd inogirasyon yon ekstansyon nan espas anbakman an ki pwàl fasilite vwayajè yo respekte non sèlman pwotokòl pandemi Kovid-19 yo, men tou repon ak egzijans ou nòm Òganizasyon Avyasyon Sivil Entènasyonal yo, dapwè direktè Otorite Ayewopòtyè Nasyonal la, Kolonèl Irving Méhu.

Ariel Henry nan moman seremoni koupe riban an, te ekspwime satisfaksyon li e ankouraje efò gwo jarèt responsab yo nan ayewopò a ap pran nan kàd modènize e mete valè ajoute ki sètifye menm jan ak nenpòt ki ayewopò nan lemonn.

Anplis, minis TPTC a ki se enjenyè Rosemond Pradel pat manke bat gwo bwavo pou jefò administrasyon ayewopò ki arive fè grès “konchon kwit kochon” pou reyalize ak pwòp resous yo yon parèy pwojè. Li plede egalman pou genyen plis efò pou yon lòt ayewopò wo nivo andeyò kapital la.

Comments are closed.